Gwo konpayi pa gen tout avantaj
Gen anpil ti antreprenè ki di m : « Gwo konpayi yo gen anpil lajan, yo ka depanse nan piblisite. Mwen pa ka fè anyen. »
Men mwen montre yo diferans lan. Dijital la bay ti biznis avantaj ke gwo konpayi pa gen.
1. Ou ka pi pre kliyan ou
Gwo konpayi yo souvan lwen. Yo gen pwotokòl, yo reponn dousman.
Ou menm, kliyan ka rele ou dirèk, ou ka reponn sou WhatsApp rapid. Sa fè kliyan santi yo enpòtan.
Egzanp : Yon ti machann manje te konn reponn chak mesaj nan 5 minit. Kliyan te renmen sa. Gwo restoran yo te reponn pafwa apre 2 zè. Ti machann nan te genyen l kòz rapidite.
2. Ou ka montre istwa ou
Gwo konpayi yo souvan « san figi ». Ou menm, ou ka montre figi ou, orijin ou, pasyon ou.
Ou ka mete yon videyo kote ou pale, ou ka pale de komanman biznis ou. Sa kreye yon lyen emosyonèl.
Egzanp : Yon ti boulanje te mete foto li ak fanmi l sou sit li. Kliyan te santi konfyans. Yo te achte plis pase nan boulanje ki pi gwo a.
3. Ou ka adapte vit
Gwo konpayi yo bezwen apwobasyon, reyinyon, papye. Ou menm, si w wè yon bagay pa mache, ou chanje l demen.
Si yon piblisite pa bay rezilta, ou sispann li epi ou eseye yon lòt.
4. SEO lokal la pou ou
Lè yon moun chèche « restoran toupre m », Google montre ti biznis ki nan zòn nan anvan gwo chèn yo. Ou ka parèt anvan yo si ou
Kisa ou fè ?
Pa genyen laperèz. Teknoloji fè konpetisyon an pi fasil. Kòmanse ak yon ti sit, yon bon prezans sou Google, epi reponn kliyan rapid.
mande projè sit ou an jodi an :https://pefepgroupe.digital/%f0%9f%8c%90-formulaire-creation-de-site-web/
📲 Nou ka ede w fè konpetisyon ak gwo konpayi yo. WhatsApp : +509 4737 6200
👉 [lien PAD : https://pefepgroupe.digital/accompagnement-digital/]
En savoir plus sur PEFEP GROUPE
Subscribe to get the latest posts sent to your email.