⚡ OFFRE SPÉCIALE : -30% sur votre site web !
Utilisez le code : Blog-Partenaire 👉 Profitez maintenant

Poukisa premye sit la se souvan yon echèk ?

Mwen konn pale ak anpil antreprenè ki fè yon premye sit, depanse 50 000 a 100 000 goud, epi apre 6 mwa, pa gen anyen. Yo dekouraje, yo panse dijital la pa travay.

Men se pa dijital la. Se erè yo te fè depi nan kòmansman.


1. Ou pa defini objektif klè

Gen moun ki di m : « Mwen vle yon sit. » Mwen mande : « Pou kisa ? » Yo reponn : « Pou m gen yon sit. »

Ewè. Yon sit san objektif se yon machin san volan. Si ou pa konnen si se pou vann, pou prezante, pou pran randevou, ou pap janm mezire siksè.


2. Ou kopye konkirans lan san reflechi

Gen antreprenè ki di m : « Sit konkirans lan bèl. Fè menm bagay la. » Men konkirans lan ka fè erè tou. Li ka gen yon sit ki bèl men ki pa vann.

Nou fè yon analyse. Nou chèche sa ki bon pou biznis ou, pa sa ki bon pou lòt moun.


3. Ou pa panse a telefòn mobil

Se erè ki pi komen. Ou teste sit la sou òdinatè, li bèl. Sou telefòn, bouton yo piti, tèks la rantre youn nan lòt. Nan peyi d Ayiti, 80% moun navige sou telefòn. Si ou pa gen yon sit mobil, ou fèmen boutik la.


4. Sit la twò ralanti

Yon sit ki pran 5 segonn chaje se yon sit mouri. Google menm penalize l. Kliyan yo pati.

Mwen te teste yon sit yon kliyan. Li t ap pran 8 segonn. Nou optimize l, li desann a 2 segonn. Yo double vant yo.


5. Ou mete foto ki lou

Foto yon telechaje ki ka 5 megabit se yon gwo chay. Nou montre kliyan kijan pou redwi gwosè foto san pedi kalite. Lè foto yo lejè, sit la vit.


6. Ou pa gen apèl pou aksyon (bouton)

Mwen vizite yon sit kote tout enfòmasyon yo la, men pa gen bouton « Kontakte », « Rezève », « Achte ». Kliyan pa konnen kisa pou l fè.

Yon sit san apèl aksyon se yon bèl afich ki pa mennen okenn kote.


7. Ou mete adrès, men ou pa mete kat (Google Maps)

Gen kliyan ki mete adrès, men yo pa mete kat entèaktif. Nan peyi d Ayiti, anpil moun konn non lokal, men yo pa konnen kisa ki nan lari deyò. Yon kat fè l fasil pou jwenn ou.


8. Ou pa konekte WhatsApp

WhatsApp se prensipal kanal nan peyi a. Si yon kliyan oblije kopye nimewo a epi ajoute l, li pèdi tan. Lè ou mete bouton WhatsApp ki mennen dirèk, ou ogmante kontak yo.


9. Ou pa mete temwayaj

Gen moun ki di m : « M gen bon sèvis, men moun pa kwè m. » Yo pa mete tèmwayaj.

Yon bon tèmwayaj, ak foto moun nan, ak non l, se yon prèv. Li kalme laperèz lòt kliyan yo.


10. Ou bliye antretyen

Yon sit pa yon wòch. Li bezwen mizajou, sekirite, fè bakip. Anpil antreprenè fè sit, epi yo bliye l pandan 1 an. Lè Google chanje règ, sit la tonbe.


Kisa pou fè ?

Fè yon lis erè sa yo. Tcheke sit ou a. Si ou gen erè, korije yo youn pa youn.

Nou nan PEFEP GROUPE fè yon dyagnostik gratis pou wè ki erè nan sit ou.

Gade travay kliyan nou yo :https://pefepgroupe.digital/creation-de-sites/

📲 Kontakte nou sou WhatsApp : +509 4737 6200
👉 [lien PAD : https://pefepgroupe.digital/accompagnement-digital/]


En savoir plus sur PEFEP GROUPE

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur PEFEP GROUPE

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture