⚡ OFFRE SPÉCIALE : -30% sur votre site web !
Utilisez le code : Blog-Partenaire 👉 Profitez maintenant

Kesyon anpil antreprenè poze

Gen kliyan ki vin jwenn m epi yo mande m : « Mwen mete sit la anlè. Kisa k ap pase? Mwen poko fè okenn lavant. »

Mwen konprann yo. Yo envesti lajan, yo panse sit la pral kòmanse jenere lajan menm lannwit. Men se pa konsa dijital la travay.


Randeman an depann de sa wap vann

Yon sit e-commerce k ap vann ti pwodwi (savon, telefòn, rad) ka kòmanse fè lavant nan premye semèn, si wap fè piblisite.

Men yon kabinè avoka, yon doktè, oswa yon ekol, yo ka pran 2 a 3 mwa anvan kliyan kòmanse konprann valè a epi pran randevou.


Faz 1 : Premye 30 jou – anrejistreman

Nan premye mwa, konsantre ou sou :

  • mete sit la byen nan Google Search Console
  • ajoute kontni kalite (blog, deskripsyon)
  • konekte sit la ak WhatsApp Business

Pandan faz sa, ou ka genyen kèk kliyan, men objektif la se fè Google konnen egzistans ou.


Faz 2 : 30 a 90 jou – premye rezilta yo

Apre de mwa, si ou fè efò (piblisite, SEO, post sou rezo sosyal), ou dwe wè :

  • trafik ogmante
  • premye fòmilè kontak ranpli
  • kèk apèl sou WhatsApp

Lè sa a, sit la kòmanse "peye" yon pati nan envestisman an.


Faz 3 : 3 a 6 mwa – rentabilite reyèl

Nan 6 mwa, yon sit byen fèt, byen optimize, ka jenere ase kliyan pou kouvri pri li. Anpil antreprenè ki suiv estrateji a wè retou sou envestisman (ROI) pozitif nan peryòd sa.


Kisa ki ka ralanti rentabilite a ?

  • Pa gen estrateji : ou fè sit la, ou bliye l.
  • Pa gen piblisite : ou tann kliyan vini pou kont yo.
  • Kontni move : ou pa reponn kesyon kliyan yo.
  • Vitès sit la ralanti : moun pati anvan yo wè sa wap vann.

Yon sit se yon envestisman alontèm

Ou pa dwe espere rantre nan lajan nan premye semèn. Men yon bon sit, ki byen an antretyen, ka pote kliyan pandan plizyè ane. Li chè kòmanse, men sou 3 ane, pri a vin byen ti.


Eske wap tann wè retou sou sit ou a ?
Nou ka evalye sit ou a gratis pou wè ki sa k ap bloke l.

siw vle yon site klike la pouw mandel : https://pefepgroupe.digital/creation-de-sites/

📲 WhatsApp : +509 4737 6200
👉 [lien PAD : https://pefepgroupe.digital/accompagnement-digital/]


En savoir plus sur PEFEP GROUPE

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur PEFEP GROUPE

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture