⚡ OFFRE SPÉCIALE : -30% sur votre site web !
Utilisez le code : Blog-Partenaire 👉 Profitez maintenant

Poukisa gen yon bon sit pa menm ak gen yon sit ki fonksyone?

Anpil antreprenè panse ke yon bèl sit sufis. Yo depanse lajan pou yon bèl foto, yon bèl animasyon, men apre sa, pa gen lavant. Mwen te wè sa ak pwòp je m. Gen kliyan ki te gen yon sit ki bèl men ki te pran 6 segonn chaje. Lè yon moun ap chaje sou telefòn, li deja ale.

Yon bon sit entènèt, se yon zouti ki travay pou ou, menm lè ou ap dòmi.


1. Vitès chajman

Yon sit dwe chaje an mwens pase 3 segonn. Lè li pran 5 segonn, 50% vizitè yo deja ale. Nan peyi d Ayiti, kote konneksyon an pafwa fèb, vitès la pi enpòtan anko.

Egzanp reyèl : Yon restoran nan Petyonvil te gen yon sit ki te lou. Apre nou fin amelyore vitès li, rezèvasyon yo double. Poukisa? Paske moun yo pa t tann devan ekran blan.


2. Adaptasyon sou telefòn mobil

Plis pase 80% moun ki navige sou entènèt nan peyi d Ayiti fè sa sou telefòn. Si sit ou pa byen parèt sou telefòn, ou pèdi 8 kliyan sou 10.

Tès senp : Pran telefòn ou, ale sou sit ou. Èske ou bezwen rale dwèt la pou w li? Èske bouton yo piti twòp? Si repons lan se wi, ou gen yon pwoblèm.


3. Navigasyon fasil

Moun ki rive sou sit ou dwe konprann kote yo ye an 3 segonn. Bouton yo klè. Paj yo òganize.

Mwen sonje yon kliyan ki te gen yon sit kote meni an te kache. Li te di m : « Moun pa kontakte m. » Mwen di l : « Paske yo pa jwenn bouton "Kontakte". »


4. Sekirite (sètifika SSL)

Yon sit san padlock (cadenas) parèt tankou yon boutik ki pa sekirize. Navigatè a menm ka afiche yon mesaj « pa sekirize ». Okenn kliyan pa vle mete kat kredi li la.


5. Kontni klè ak itil

Pa mete gwo paragraf. Moun pa li sou entènèt, yo rapidman feyè (skim). Sèvi ak tèt (tit), ti lis, ak foto. Epi sitou, di byen vit kisa wap vann.

Egzanp : Olye ou ekri « Nou se yon agans ki ofri solisyon inovatif... » ekri « Nou repare telefòn ou an 2 zè. »


6. Apèl pou aksyon (CTA)

Bouton yo dwe di egzakteman sa kliyan dwe fè : « Rezève », « Achte », « Kontakte nou », « Pran randevou ». Pa mete « Klike la a », sa pa di anyen.


7. Lyezon ak WhatsApp (nan peyi d Ayiti)

Nan peyi d Ayiti, WhatsApp se prensipal kanal kominikasyon. Yon bon sit dwe gen yon bouton « Kontakte nou sou WhatsApp » ki mennen dirèk nan nimewo biznis la, san kopye kolle.


Sa nou fè nan PEFEP GROUPE

Lè nou kreye yon sit pou kliyan, nou teste chak pwen sa yo. Nou asire sit la vit, mobil, ak fasil pou itilize.

Ou ka wè kèk reyalizasyon nou sou paj sa :
👉 https://pefepgroupe.digital/creation-de-sites/

Ou gen yon sit men ou pa satisfè ak rezilta yo ?
📲 Kontakte nou sou WhatsApp : +509 4737 6200
🌐 www.pefepgroupe.digital


En savoir plus sur PEFEP GROUPE

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur PEFEP GROUPE

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture