⚡ OFFRE SPÉCIALE : -30% sur votre site web !
Utilisez le code : Blog-Partenaire 👉 Profitez maintenant

Jan ou wè sit la chanje rezilta a

Mwen gen de kalite kliyan.

Premye kalite : yo mande « Konbyen sa koute? ». Lè m di yo, yo reponn « li chè, m pap fè l. » Pou yo, se yon depans.

Dezyèm kalite : yo mande « Konbyen m ka vann ak sit sa? Konbyen kliyan m ka jwenn? » Pou yo, se yon envestisman.


Depans, se lè ou jete lajan san retou

Si ou fè yon sit, epi ou pa janm aji sou li, ou pa mete piblisite, ou pa reponn WhatsApp, li pa jenere anyen. Lè sa a, se yon depans.

Mwen konnen yon antreprenè ki depanse 120 000 goud pou yon sit. Apre 1 an, li fè 0 vant. Se li menm ki di m : « Sit la pa mache. » Men li pa t fè anyen pou l fè l mache.


Envestisman, se lè lajan an retounen

Lè ou mete 50 000 goud nan yon sit, epi nan 6 mwa sit la pote 200 000 goud lavant, ou pa ka di se depans.

Egzanp reyèl : yon kliyan te fè yon sit vitrin pou vann pwodwi agrikòl. Nan premye mwa, li te fè 2 lavant sèlman. Li te dekouraje. Nou di l : « Mete piblisite, poste sou rezo, optimize kontni an. » Nan 3yèm mwa, li fè 25 lavant. Nan 6yèm mwa, 60 lavant.

Li te remèt envestisman an e li kounye a ap fè lajan chak mwa.


Ki diferans ant yon depans ak yon envestisman ?

Yon depans, ou peye, li ale, pa retounen. Tankou bòlèt.

Yon envestisman, ou peye, epi li travay pou ou. Tankou achte yon machin pou livrezon, li pote kòb.


Kijan pou fè sit ou vin tounen yon envestisman ?

  1. Fè objektif klè : konnen kisa ou vle : lavant, randevou, apèl.
  2. Optimize SEO : fè moun jwenn ou sou Google.
  3. Fè piblisite : menm ak ti lajan, 1000 goud pa semèn.
  4. Mizajou sou rezo sosyal : montre aktivite ou.
  5. Reponn WhatsApp rapid : kliyan pa renmen tann.

Ou vle konnen si sit ou ka vin yon envestisman ?

https://pefepgroupe.digital/creation-de-sites/
Nou ofri yon dyagnostik gratis pou evalye potansyèl sit ou.

📲 WhatsApp : +509 4737 6200
👉 [lien PAD : https://pefepgroupe.digital/accompagnement-digital/]


En savoir plus sur PEFEP GROUPE

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

En savoir plus sur PEFEP GROUPE

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture